Pati a
Fòs Liberatrispou Ayiti Demen.
FLAD se yon pati politik agoch, imanis e pwogresis. Li vle yon sosyete demokratik e pliralis, ki chita sou jistis sosyal, Eta de dwa, transparans ak patisipasyon tout sitwayen.
01Anblèm nan
Yon lanp limennan mitan fènwa a.
Lanp tèt gridap la, tou limen, se senbòl limyè k ap kraze fènwa a. Koulè FLAD yo se jòn ak ble.
- Nimewo
- 2
- Koulè
- Jòn ak ble
- Anblèm
- Lanp limen
Ofisyèl
FLAD sou lis definitif CEP la
Konsèy Elektoral Pwovizwa a apwouve FLAD pou eleksyon 2026 yo, pami 105 estrikti politik (88 pati ak 17 gwoupman), epi li ba li nimewo 2.
CEP, out 2026 ↗02Dyagnostik
Sis obstak ki kenbeAyiti nan fènwa.
Espesyalis nasyonal kou entènasyonal dakò sou kèk obstak ki bloke devlòpman Ayiti.
- 01
Move gouvènans
Se youn nan rasin koripsyon ki manje administrasyon piblik la nan tout branch li. Li mache ak enkonpetans, mank patriyotis, mank transparans ak eksklizyon aktè kle yo nan gwo desizyon peyi a.
- 02
Entèferans entènasyonal
Depi yo te asasinen Papa Nasyon an, Jan-Jak Desalin, Ayiti ap pèdi souverènte l. Yon seri dirijan koripsyon, enkonpetan e apatrid soumèt peyi a bay enterè pisans etranje yo. Diplomasi ayisyen an sou branka.
- 03
Koripsyon
Demantèlman enstitisyon piblik yo, gaspiyaj, detounman lajan ak byen Leta, malvèsasyon, vòl, fwod ak evazyon fiskal: tout zak koripsyon sa yo ap bloke devlòpman peyi a.
- 04
Enjistis ak ensekirite
Lajistis k ap vann, trafik zam, ògàn ak kokayin, gang ame k ap miltipliye, eksplwatasyon fanm, timoun ak moun vilnerab. Yon Polis ki pa efikas, e pa gen yon Fòs Defans pwofesyonèl ak patriyotik.
- 05
Enstabilite politik
Manifestasyon vyolan, koudeta, kou d fòs, eli ki pa respekte manda yo, pwomès politik ki pa janm kenbe, e pa gen eleksyon lib, onèt, transparan e demokratik.
- 06
Katastwòf natirèl
Tranblemanntè, siklòn, tanpèt ak ouragan. Anplis lavi moun yo pran, pèt ekonomik yo rive plizyè milyon dola chak ane.
03Vizyon
17 sektèpou rebati peyi a.
Pou reponn obstak sa yo, FLAD gen yon vizyon nan plis pase kenz sektè.
- Ankouraje yon gouvènans patisipatif, enklizif e transparan, ak yon administrasyon fò e efikas.
- Restore souverènte ak otorite Leta a.
- Refòme Leta a pa mwayen restriktirasyon ak reyòganizasyon enstitisyon piblik yo.
- Garanti lapè, estabilite, trankilite ak sekirite tout moun ak tout byen sou tout teritwa Repiblik la.
- Ranfòse estrikti dekonsantre ak desantralize yo.
- Fè desantralizasyon an vin reyèl e efikas, jan Konstitisyon an ak lwa yo mande l.
- Amenaje, reyabilite epi konstwi enfrastrikti espò ak lwazi nan tout komin peyi a.
- Relanse aktivite espòtif nan tout disiplin, nan tout nivo, nan tout komin.
- Entegre espò nan kourikoulòm sistèm edikatif la.
- Ankadre epi valorize jèn talan yo.
- Miltipliye pri ekselans yo.
- Entegre omwen 50 % jèn kad nan administrasyon piblik la.
Kontakte pati a
+509 3536-5595 · +509 4770-1079 · fosliberatrispouayitidemen@gmail.com
Angaje w
Pote limyè anan katye w.
Chak volontè se yon lanp ki limen. Ann mache ansanm.