Pwogram nan
8 aksyon gouvènmantalpou chanje figi lakay.
Yon plan rapid pou retabli sekirite epi pou fanmi ki deplase nan Sant, Latibonit ak Lwès ka tounen lakay yo.
01
Sekirite piblik
Premye kondisyon pou tout rès la: pèp la dwe ka viv, travay e sikile san laperèz.
Wè aksyon an an detay- 01Ranfòse Polis Nasyonal la an kalite ak an kantite.
- 02Retire zam nan men tout sivil, san distenksyon.
- 03Mete sou pye yon Ajans Envestigasyon Nasyonal (ANE/ANI).
- 04Ranfòse Akademi Polis la pou l ka ogmante efektif Polis Nasyonal la rapidman.
- 05Redefini epi ranfòse kapasite ak kalite sèvis Ajan Sekirite Minisipal yo (ASM).
- 06Redefini epi ranfòse kapasite ak kalite sèvis Brigad Sekirite Seksyon Kominal yo (BSSK).
- 6 mezi
02
Defans nasyonal
Yon Lame pwofesyonèl e patriyotik, pou pwoteje teritwa a ak otorite Leta.
Wè aksyon an an detay- 01Ranfòse Fòs Lame Peyi a an kalite ak an kantite, epi kreye yon Lekòl Militè.
- 02Pou jere ijans dezameman an, kreye yon fòs travay Militè/Polis ki gen 15 000 sòlda, ajan polis ak BSAP.
- 03Redefini, estriktire epi mete BSAP la an aplikasyon selon sans, wòl ak atribisyon li te resevwa lè yo te kreye l, 12 oktòb 2005.
- 04Retabli epi kenbe lapè piblik, lib sikilasyon ak otorite Leta.
- 05Favorize estabilite politik, devlòpman ekonomik ak pwogrè nan sosyete a.
- 5 mezi
- 01Fè Ministè Jistis la tounen veritab ògàn egzekisyon politik penal Gouvènman an.
- 02Ranfòse endepandans Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (KSPJ).
- 03Regilarize estati komisè gouvènman yo, ak yon manda ki ka renouvle.
- 04Konsakre pouvwa ak otorite komisè gouvènman yo pou goumen kont tout fòm delenkans.
- 05Regilarize estati grefye, uisye ak tout lòt pèsonèl sistèm jidisyè a.
- 06Senkwonize travay ankèt UCREF, ULCC, DCPJ ak Kou Dèkont nan pouswit kont delenkans.
- 6 mezi
- 01Konbat kontrebann jouk nan rasin li, sou fwontyè a ak sou tout kòt lanmè a.
- 02Konbat fwod ak evazyon fiskal.
- 03Korije konpòtman sitwayen yo nan peye taks ak enpo.
- 04Kontwole efektivman achte ak vant byen Leta nan administrasyon piblik la.
- 05Relanse, regle epi ranfòse endistri touristik la sou tout teritwa a.
- 06Louvri tout pò peyi a, soti Fò Libète (Nòdès) rive Bèlans (Sidès).
- 07Regle fonksyònman administrasyon piblik la ak Sèvis Otonòm Leta yo.
- 7 mezi
- 01Reyabilite enfrastrikti sante yo epi relanse aktivite swen sanitè yo.
- 02Kreye yon Kouvèti Sante Inivèsèl: asirans maladi ak matènite obligatwa.
- 03Kreye yon fon nasyonal sante.
- 04Byen chita relasyon Leta a ak sektè prive a, konpayi asirans yo ak sendika yo.
- 05Rasyonalize CAOSS la, ki dwe fikse salè minimòm nan chak mwa me, chak ane.
- 5 mezi
- 01Evalye lwa kad Ministè Agrikilti a, an patenarya ak inivèsite Leta yo (UEH/UPR).
- 02Evalye, reyabilite epi mete an fonksyon 10 DDA ak 146 BAC yo.
- 03Fòme kad entèmedyè, fèmye ak agrikiltè yo.
- 04Mete an plas, relouvri epi restriktire fèm agrikòl Leta yo anba lidèchip Ministè Agrikilti a.
- 05Amenaje basen vèsan yo: pwoteje tè a ak byodivèsite a, pwoteje epi repati tè fètil yo.
- 06Restriktire bank kredi agrikòl la epi kreye yon filyè asirans agrikòl.
- 07Mekanize sistèm agrikòl la kote sa posib, epi fè irigasyon gravite ak enèji solè.
- 08Mete an plas rechèch ak devlòpman agrikòl.
- 09Bay ti plantè yo sipò teknik, finansye ak materyèl.
- 10Ankouraje itilizasyon angrè byolojik.
- 11Fasilite devlòpman teknoloji ak transfòmasyon apre rekòt (chèn agwo-endistriyèl).
- 12Kontwole kalite tout pwodwi agrikòl ki enpòte, epi regle vant pwodwi agrikòl pa liv, kilo ak tòn.
- 13Revize piti piti taks sou pwodwi agrikòl ki soti lòt bò dlo.
- 14Restriktire elvaj bèt: fòmasyon kad yo, sipò materyèl ak ekipman.
- 14 mezi
- 01Fè envantè anseyan edikasyon debaz yo ak bezwen imedya yo.
- 02Fè eta lye tout enfrastrikti eskolè yo, piblik kou prive.
- 03Evalye Fon Nasyonal Edikasyon an, nan oryantasyon li ak nan fason li te kreye.
- 04Lanse yon kanpay dezameman ak rekiperasyon pou 680 000 timoun ki gen laj lekòl ki kite lekòl oswa ki anwole nan gang.
- 05Akonpaye tout timoun sa yo pou yo pran wout lekòl oswa sant fòmasyon pwofesyonèl kout dire pou nouvo ane lekòl la, pou yo reyentegre sosyete a piti piti.
- 06Pran mezi ki nesesè pou òganize yon gwo chita pale sou refòm sistèm edikatif ayisyen an.
- 6 mezi
08
Diplomasi
Premye repiblik nèg lib e endepandan an dwe pale ak lemond tèt dwat.
Wè aksyon an an detay- 01Redefini tèt nou sou nivo nasyonal, pou nou grandi kòm premye repiblik nèg nwè lib e endepandan.
- 02Gen repondong pou negosye enterè Ayiti ak rès lemond.
- 03Kenbe relasyon ak tout pitit peyi a ki aletranje: akonpaye yo, defann yo.
- 04Redefini epi devlope relasyon nou ak lemond.
- 4 mezi
Vizyon long tèm FLAD la
17 sektè, soti nan bon gouvènans rive nan dyaspora.
Angaje w
Pote limyè anan katye w.
Chak volontè se yon lanp ki limen. Ann mache ansanm.