0
Biwo Agrikòl Komin (BAC) pou reyabilite, ansanm ak 10 DDA
14 mezi
Relanse 10 DDA ak 146 BAC yo, mekanize, irige, sipòte ti plantè yo.
- 01Evalye lwa kad Ministè Agrikilti a, an patenarya ak inivèsite Leta yo (UEH/UPR).
- 02Evalye, reyabilite epi mete an fonksyon 10 DDA ak 146 BAC yo.
- 03Fòme kad entèmedyè, fèmye ak agrikiltè yo.
- 04Mete an plas, relouvri epi restriktire fèm agrikòl Leta yo anba lidèchip Ministè Agrikilti a.
- 05Amenaje basen vèsan yo: pwoteje tè a ak byodivèsite a, pwoteje epi repati tè fètil yo.
- 06Restriktire bank kredi agrikòl la epi kreye yon filyè asirans agrikòl.
- 07Mekanize sistèm agrikòl la kote sa posib, epi fè irigasyon gravite ak enèji solè.
- 08Mete an plas rechèch ak devlòpman agrikòl.
- 09Bay ti plantè yo sipò teknik, finansye ak materyèl.
- 10Ankouraje itilizasyon angrè byolojik.
- 11Fasilite devlòpman teknoloji ak transfòmasyon apre rekòt (chèn agwo-endistriyèl).
- 12Kontwole kalite tout pwodwi agrikòl ki enpòte, epi regle vant pwodwi agrikòl pa liv, kilo ak tòn.
- 13Revize piti piti taks sou pwodwi agrikòl ki soti lòt bò dlo.
- 14Restriktire elvaj bèt: fòmasyon kad yo, sipò materyèl ak ekipman.
Angaje w
Pote limyè anan katye w.
Chak volontè se yon lanp ki limen. Ann mache ansanm.