Ale nan kontni an
Aksyon 1 sou 8

Sekirite piblik

Premye kondisyon pou tout rès la: pèp la dwe ka viv, travay e sikile san laperèz.

6 mezi

Ranfòse Polis la, dezame tout sivil, kreye yon ajans envestigasyon nasyonal.

  1. 01Ranfòse Polis Nasyonal la an kalite ak an kantite.
  2. 02Retire zam nan men tout sivil, san distenksyon.
  3. 03Mete sou pye yon Ajans Envestigasyon Nasyonal (ANE/ANI).
  4. 04Ranfòse Akademi Polis la pou l ka ogmante efektif Polis Nasyonal la rapidman.
  5. 05Redefini epi ranfòse kapasite ak kalite sèvis Ajan Sekirite Minisipal yo (ASM).
  6. 06Redefini epi ranfòse kapasite ak kalite sèvis Brigad Sekirite Seksyon Kominal yo (BSSK).

Angaje w

Pote limyè anan katye w.

Chak volontè se yon lanp ki limen. Ann mache ansanm.